Tretman Pwoblèm Lasante: Nan Chapit Sa A

Download as pdf or txt
Download as pdf or txt
You are on page 1of 14

C hapit 2

Tretman pwoblèm lasante

Nan chapit sa a:

Chache jwenn kisa ki lakòz pwoblèm lasante......................................................................13

Chache jwenn tretman ki pi bon...............................................................................................16


Avantaj ak dezavantaj..………………….16 Konnen limit ou…….…20
Kalite medikaman……………….……....17

Chache jwenn rasin pwoblèm lasante yo...............................................................................21

Pote chanjman nan kominote a


pou evite pwoblèm lasante.......…..…..23

Fanmsaj ka pote chanjman.........................................................................................................25

12
Trete pwoblèm CCHAPIT

15
HAPTER

lasante

Pifò travay fanmsaj yo fè chak jou se trete pwoblèm lasante. Lè yon fanm w ap bay
laswenyay gen yon pwoblèm, pa egzanp li santi l about, li gen doulè nan vant, oswa
l’ap bay anpil san, li nesesè pou swiv etap sa yo ke nou pral site la a pou rezoud
pwoblèm nan:

1. Chache jwenn egzatteman kisa ki lakòz pwoblèm nan.


2. Chwazi tretman ki pi bon an.
3. Chache jwenn rasin pwoblèm nan – pou pwoblèm nan
ka byen regle oswa pou evite lòt pwoblèm konsa pa
rive ankò.

Chache jwenn kisa ki lakòz pwoblèm lasante


Nan pati sa a, nou rakonte fason yon fanmsaj ki rele Selès rezoud yon pwoblèm
lasante. Tout detay istwa a rive nan ka Selès la sèlman; sepandan, pou kèlkeswa
kalite pwoblèm lasante, nenpòt fanmsaj ka sèvi ak menm fason Selès aji a epi
fason li fè tèt li travay pou l rezoud pwoblèm nan. Nou ekri yon lis
de tout etap Selès swiv, ou ka sèvi ak menm lis sa a tou.

1. Kòmanse ak yon dout. Sa vle di kòmanse pa


admèt bagay kisa ou pa konnen.
2. Panse ak tout rezon posib. Souvan gen anpil pwoblèm
ki ka fè moun santi yo malad.
3. Chache siy pou wè kisa ki ta ka lakòz sa. Pwoblèm
lasante bay siy. Ou ka wè siy sa yo nan fason yon
moun santi l, fason kò l ye, epi lè l fè tès medikal.
4. Deside kisa ki te ka plis lakòz sa.
5. Wè ki plan ou ta dwe fè. Li kapab yon plan pou chanje abitid yon moun,
pou chanje yon bagay kote y’ap viv la, oswa bay yon remèd.
6. Chache wè si sa bay rezilta. Chache konnen si tretman w nan mache. Si
sa pa mache, rekòmanse ak menm etap sa yo.

13
Chapit 2: Trete pwoblèm lasante

Men etap Selès swiv pou l jwenn sa ki lakòz


1. Kòmanse ak yon dout.
Yon jèn fanm ansent ki rele Elena ale chache laswenyay lakay
fanmsaj li, ki rele Selès. Pandan konsiltasyon an, Elena di ke li
santi l toujou fatige.
Premyèman, Selès admèt ke li pat konnen kisa ki fè Elena fatige.

2. Panse ak tout rezon posib.


Selès konnen ke gen anpil bagay ki ka lakòz fatig.
Kèk nan rezon ki pi komen yo se maladi, travay
di, pa dòmi ase,
estrès, ak anemi.

3. Chache siy pou wè kisa ki ta ka lakòz sa.


Pou Selès ka jwenn plis sou zafè fatig la, li poze Elena kesyon.

Eske w travay plis


M’ travay di,
ke dabitid?
men se pa pi di
ke jan m abitwe
travay.

Eske w dòmi Mwen dòmi ase,


mwens? Eske w epi mwen pa sant’
santi w malad ? m malad.

Apre sa Selès mande Elena ki manje l abitwe manje. Elena di


leplisouvan li manje mayi moulen ak pwa chak jou. Aktyèlman, se
sitou mayi. Elena ap plenyen ke vyann twò chè.
Selès kontwole siy kò Elena. Pòpyè je Elena ak jansiv li pal; poul li
fèb epi lap bat vit – tout sa se siy anemi.

14
Chache jwenn sa ki lakòz pwoblèm lasante

4. Deside kisa ki te ka plis lakòz sa.


Selès pat ka fè yon tès san pou l ta pi sèten, paske pa gen laboratwa
nan zòn nan, men tout lòt siy yo moutre ke li pwobab pou Elena
gen anemi.

5. Wè ki plan w dwe fè.


Selès eksplike Elena ke anemi ka lakòz fatig, epi sa lakòz li vin difisil pou
yon fanm reprann kò li apre akouchman – sitou si fanm nan senyen
anpil. Li di Elena ke anemi vle di ke pa gen ase fè nan san an; men
leplisouvan se manje ki gen anpil fè ak pwoteyin, oswa grenn (konprime)
ki gen fè ladan yo ki geri anemi.

Si w pa ka achete vyann,
gen manje ki pi bon mache
epi ki gen anpil fè.
Eseye manje fwa, ze, yanm,
ak fèy legim vèt.

6. Chache wè si sa bay rezilta.


Lè Elena tounen pou yon lòt konsiltasyon, Selès tcheke pou wè si gen siy
anemi. Piske Elena manje pi byen, li sanble l fè mye kounya a. Si Elena pat
fè mye, Selès tap konseye l pran grenn (konprime) ki gen fè ak asid folik.

6 mach a swiv sa yo ap ede w rezoud pifò pwoblèm lasante.

Nòt: « Kòmanse ak yon dout » se bagay ki difisil anpil pou pifò


travayè medikal. Anpil travayè medikal pè admè lè yo pa konnen yon
repons. Sepandan, pou nou ka byen jwenn rasin yon pwoblèm, epi
pou trete jan sa dwe ye, nou dwe aksepte sa nou pa konnen.

15
Chapit 2: Trete pwoblèm lasante

Chache jwenn tretman ki pi bon


Kèlkeswa pwoblèm lasante w ap trete, depi nan anemi, jiska tranche twò
long rive nan gwo pèt de san, w dwe chache tretman ki gen plis
avantaj ak mwens dezavantaj.

Avantaj ak dezavantaj (ris)


Chak lè w pran yon desizyon pou fè yon tretman
medikal, ou dwe konsidere avantaj ak dezavantaj.
Avantaj vle di bon rezilta ke yon tretman ka bay.
Yon dezavantaj (ris) se danje ke sa ka lakòz. Chak lè
w pran yon desizyon, eseye chwazi aktyon ki gen plis
avantaj epi mwens dezavantaj.
Annou panse ankò ak Selès epi Elena:
Kisa ki t’ap rive si Elena te toujou fè anemi apre
li te fin manje manje ki gen anpil fè, epi apre l te Lè gen plis avantaj ke
pran konprime ki gen fè? Li menm ak Selès t’ap dezantaj, nou dwe pase
oblije pran yon desizyon ki difisil. alaksyon
Selès konnen ke li t’ap pi bon pou yon fanm ki fè
yon anemi grav akouche nan yon sant desante ki gen
tout bon kalite zouti, olye pou li ta akouche lakay. Konsa, si fanm nan ap pèdi
anpil san, l’ap jwen lòt san (transfizyon sangen) touswit. Si Elena pa ta jwenn bon
jan swen, li ka santi l feblès anpil apre akouchman an. Feblès sa a ap lakòz Elena
gen plis chans pou trape yon enfeksyon. L’ap gen difikilte pou li pran swen fanmi
li ak tèt pa l. Epitou, si manman pa ka pran swen tibebe a byen, menm lavi tibebe
a ka an danje.
Yon lòt kote, pifò fanm nan vilaj la fè anemi. Sepandan, pifò nan yo pap gen
pwoblèm grav apre yo fin akouche. Pou ale lopital la, li pran yon jounen nan
wout epi li chè. Fanmi Elena tap oblije depanse preske oswa tout ti lajan yo genyen
pou Elena ta al akouche la.
Ke se rete lakay, ke se ale lopital, tout gen avantaj ak dezavantaj. Kisa w ta fè?

Sitou pou medikaman famasi, yo gen ni avantaj ni dezavantaj tou. Menm yon
medikaman ki bon anpil pou trete yon pwoblèm lasante ka gen move kote l oswa l
ka gen danje. Nan liv sa a, gen pwosedi ak medikaman ki gen anpil dezavantaj.
Nou mete yo paske lè yo nesesè anpil anpil, yo ka sove lavi. Sepandan, anvan nou
bay yon medikaman, oswa anvan nou fè yon pwosedi andedan kò moun, menm
pou pwosedi nan ka dijans tankou retire placenta a (oswa fe delivrans lan) ak men
(paj 230) oswa ak (paj 416), ou dwe deside èske’w ka fè li san danje – ak plis
avantaj ke dezavantaj.

16
Chache jwenn tretman ki pi bon

Nou dwe mennen l lopital kounya a! M pral oblije foure menm


Yo ka retir e placenta a andedan l pou anndan w pou’m retire
yo ka rete san an. San an rete san an placenta a met deyò.

Se pa yon
Poukisa
bagay ki
w pa
danje?
ka fè l?

Gen twòp danje


nan sa! L’ap pi bon Wi, anpil! Men lapli gate wout la –
nan lopital la. pa gen mwayen pou jwenn asistans
medikal anvan l mouri nan pèdi san.

Kalite medikaman
Toupatou nan lemond, moun sèvi ak anpil kalite mwayen pou fè
gerizon:
• Medikaman tradisyonèl (ke yo rele remèd fèy):Kalite gerizon
sa yo pase nan men medsen fèy granmoun pou ale nan
medsen fèy ki pi jèn pandan anpil generasyon. Tretman tradisyonè sèvi ak
manyen (masaj), remèd fèy, ak kominikasyon ak mond lespri a.
Medikaman tradisyonè, sitou remèd fèy, ka bay bon rezilta. Leplisouvan yo
san danje, yo pi fasil, epi yo koute mwen chè pou trete pifò pwoblèm
lasante. Epitou lè lajan an fini, oswa lè gwoup ki t’ap ede yo ale, remèd fèy,
teknik manyen an, ak lòt kalite gerizon natirèl ap toujou la.
Lasyans fè tès sou anpil medikaman natirèl. Tès sa yo moutre ke gen kèk
medikaman natirèl ki bay bon rezilta, men gen lòt tou ki pa bay bon rezilta;
oswa yo bay bon rezilta paske moun kwè nan yo. Gen kèk
medikaman natirèl ki lakòz malè oswa ki danjere anpil.

• Medikaman nan peyi Oksidantal yo (medikaman ki fèt nan laboratwa):


sistèm gerizon sa a repoze sou travay lasyans; li sèvi ak medikaman ki fèt nan
manifakti (dwòg), epi ak operasyon pou trete pwoblèm lasante.
• Sistèm peyi nan Oryantal, pa egzanp akiponkti, ayouveda, ak omeyopati
(acupuncture, ayurveda, homeopathie) : sistèm gerizon sa yo ka gen a anpil
milye lane depi moun ap sèvi ak yo, anseye yo nan lekòl, epi lasyans ka
menm teste yo. Anpil nan sistèm sa yo sèvi ak remèd fèy tou.
Yon sèl moun gen dwa ap sèvi ak plizyè nan kalite gerizon sa yo.
Pa gen ase plas nan liv sa a pou nou ta byen dekri chak sistèm gerizon. Sa ki
enpòtan pou chonje se konnen ke chak kalite gerizon gen avantaj, epi ke nou dwe
itilize kèlkeswa kalite medikaman an ak prekosyon.
17
Chapit 2: Trete pwoblèm lasante

Medikaman Peyi Oksidantal (Medikaman ki fèt nan laboratwa)


Medikaman ki soti nan peyi Oksidantal yo ka ede sove lavi lè moun sèvi ak yo
kòrèkteman. Avrèdi, lepli souvan remèd peyi oksidantal se pi bon mwayen pou
trete ka dijans. Pa egzanp, lè yon fanm ap pèdi anpil san apre yon akouchman,
petèt ka gen remèd fèy nan zòn nan ki ka ralanti pèt de san an. Sepandan, souvan
remèd oksidantal yo travay pi byen epi yo pi rapid – gen plis chans pou yo sove
lavi yon fanm k’ap pèdi san.

Sèvi ak medikaman peyi oksidatal kòrèkteman


Lasyans teste pifò medikaman peyi oksidantal yo ak anpil prekosyon. Lepli souvan
medikaman peyi oksidantal bay bon rezilta nan trete pwoblèm lasante. Sepandan,
medikaman sa yo toujou koute chè, genyen ki gen dezavantaj, epi nan anpil
sitiyasyon yo pa nesesè. Pifò ti pwoblèm lasante ka jis trete ak remèd tradisyonèl
oswa remèd fèy, osinon w ka jis rete tann li geri pou kont li.
Si w sèvi ak yon medikaman, oswa si ou sèvi ak twòp, sa ka lakòz gwo pwoblèm
lasante. Pa egzanp, gen moun ki kwè ke sèlman piki ki ka
ede yo lè yo malad.
Leplisouvan moun sa W pa panse l
yo te ka geri pi byen si bezwen yon
yo pa’t fè anyen; piki?
No. Se sèlman yon
sepandan nan anpil ka, grip li genyen. Kite l
lè piki a pa nesesè li ka repoze, ba l manje
ak anpil likid pou l
lakòz absè oswa lòt
bwè. Gwo medikaman
maladi (tankou VIH/ pa’p ede l, epi yo ka
SIDA) lè zegwi a pa menm fè l pi mal.
esterilize. Se sak fè menm
si medikaman yo ka sove
lavi, nou dwe sèvi ak yo
kòrèkteman. Pran tan pou w esplike poukisa
li bezwen medikama.

Liv sa a plis pale de medikaman peyi oksidantal yo


(medikaman ki fèt nan laboratwa)
Liv sa a pale plis sou fason yo sèvi ak metòd gerizon nanpeyi oksidantal yo.
Genyen yon rezon prensipal pou sa: medikaman peyi oksidantal yo disponib nan
pifò kote nan lemond. Nou pa twò konnen, ni nou pa gen ase plas pou nou
esplike kòman pou nou sèvi ak plizyè milyon remèd fèy ak fason moun sèvi ak yo
pou fè gerizon tout kote nan lemond. Donk souple, sèvi ak do liv sa a pou w ekri
metòd tradisyonèl ke ou sèvi yo. Sepandan, si w tradwi oswa si w adapte liv sa a,
asire ke w ajoute fason yo fè gerizon nan zòn pa w la. Li enpòtan anpil pou w
pataje metòd tradisyonèl sa yo pou w ka pa bliye yo!

18
Chache jwenn tretman ki pi bon

Chwazi yon medikaman ki ka ede epi ki pa gen danje


Anvan ou bay yon medikaman
Mèsi! Men èske li
(medikaman tradisyonèl oswa M fè te ak fèy sa a. Li
sanble li toujou ede ak pap bay okenn
medikaman ki fèt nan laboratwa), pwoblèm?
tranche dous.
ou dwe sèten ke li ka ede epi li pa
gen danje. Pou w konnen si se vre,
reflechi sou (epi mande lòt moun)
kesyon sa yo:
• Poukisa yo sèvi ak li?
• Kisa k pase lè w sèvi avèk li?
• Chak konbyen tan ou santi li ede ak pwoblèm nan?
• Ki kalite dezavantaj oswa lòt pwoblèm li lakòz?
Lè w eseye yon tretman premye fwa, sèvi ak
medikaman an pou kont li, pa melanje l ak lòt tretman.
Se konsa w ap konnen si li efikas, oswa si l lakòz
pwoblèm. Wè paj 463 pou aprann pi plis sou fason pou
evite danje lè w ap sèvi ak medikaman.

Medikaman ak lavaris
Malerezman, gen medsen fèy ak travayè lasante ki motive pa lavaris ak fè lajan.
Pou yo fè lajan, yo ka rekòmande yon tretman ki pa nesesè, ki pa efikas, oswa ki
menm danjere. Gen kèk medsen fèy ki pwofite de konfyans ke lòt moun fè yo pou
yo vann yo fo medikaman ak medikaman ki pa efikas.
Kèk konpayi ki fè oswa ki vann medikaman sèvi ak repitasyon yo pou yo
twompe moun tou. Lè gen famasi ki aji konsa, tout kominote a ka an danje. Pa
egzanp, yon faktori medikaman nan Etazini ki rele Eli Lilly te konn fè yon
medikaman ki rele
diethylstillbestrol (DES). DES
ta dwe sèvi pou ede evite
foskouch. Sepandan DES pa’t
ede evite foskouch. Li te lakòz
kansè ak defòmasyon nan
tibebe. Eli Lilly te konnen ke
medikaman an te ka lakòz
pwoblèm sa yo, men li kontinye
vann li kanmenm. Epi, menm lè
medikaman sa a te ilegal nan
peyi Etazini, yo te kontinye ap
vann li nan lòt peyi.

19
Chapit 2: Trete pwoblèm lasante

Konnen limit ou
Konnen ki lè pou w pa fè anyen
Nan liv sa a, nou pale pi plis sou fason pou nou rezoud pwoblèm lasante. Sa
enpòtan. Men nan anpil ka, pi bon bagay pou nou fè pou yon fanm ki gen tranche
se pa fè anyen! Yon fanm ki an sante gen plis chans pou l fè yon bon akouchman.
Pifò akouchman pase byen.
Lè w fè yon pwosedi ki pa nesesè, sa ka lakòz gwo pwoblèm. Respekte
prosesis natirel akouchman an. Lè tout bagay prale byen, jis gade epi ret tann.

Konnen ki lè pou chache jwenn asistans


Kèlkeswa abil ou te ka abil, gen lè w’ap bezwen asistanskanmem. Konnen ki lè pou
w chache jwenn konsèy medikal, ki lè pou w chache jwenn asistans nan men yon
lòt fanmsaj, ki lè pou w voye yon fanm ale jwenn yon doktè, osinon ki lè pou voye
yon fanm nan yon sant medikal, se yon kalite konesans ke tout fanmsaj
dwe eseye konnen trè byen.
Li ka petèt difisil pou konnen kilè pou w chache jwenn
asistans medikal. Leplisouvan, lopital yo oswa sant desante
yo lwen epi yo koute chè. Anpil fanm gen kè sote pou yo ale
ladan yo. Yon fanm ki gen yon ti pwoblèm ka deside ret
lakay. Li ka pa vle ale nan yon sant desante si sa pa nesesè.
Sepandan si l rete lakay san li pa jwenn asistans, pwoblèm
nan ka vin pi grav.
Si’w konnen yon fanm genyen yon pwoblèm
tankouemoraji, enfeksyon, oswa eklamsi, pa pran reta –
chache jwenn asistans medikal. Pi bonè w ale, se plis chans li
Li ka difisil pou w
genyen pou l geri. Gen de fwa ou ka oblije fè prese, gen lòt
fwa w ka pa bezwen prese. Si pa egzanp tranche a long, epi si deside ki lè pou w chache
ou abite lwen oswa w’ap travay lwen sant desante a, ou dwe jwenn asistans. Lè gen dout
kòmanse byen bonè, anvan pwoblèm nan vin pi grav. Si sant – chache jwenn asistans
medikal.
desante a pa twò lwen, ou gen plis tan.

Konnen kilè pou w aji lakay


Fanmsaj ki travay lwen sant desante dwe kèk fwa bay tretman ki pi byen mache
nan yon sant desante oswa nan lopital – paske fanm nan bezwen tretman an sou
plas. Pa egzanp, si yon fanm ki nan yon bouk izole fè kriz eklamsi, fanmsaj la dwe
ba li silfat de magn ezyòm, yon medikaman ki pa toujou bon pou bay la kay.
Answit, fanmsaj la dwe mennen
fanm nan nan yon sant medikal
touswit, paske kriz la ak tout
magn ezyòm nan se de bagay ki
danjere anpil.

20
Chache jwenn rasin pwoblèm lasante yo

ATANSYON! Nan liv sa a, nou eksplike kòman pou nou fè kèk


pwosedi ki ka danjere si yo pa fèt byen, tèlke: kòman pou fè yon
egzamen basen, kòman pou mete yon esterilè , oswa kòman pou
koud you dechiri.

Se pa sèlman li pou nou li pwosedi sa yo. Anvan w fè anpil


pwosedi ki nan liv sa a, gade dabò gade pou wè kòman lòt travayè
lasante ki gen eksperyans fè yo. Answit, pratike pandan ke yon
moun ki antrene pou sa ak ki gen eksperyans ap asiste w. Se
sèlman lè w fin pratike anpil fwa konsa ke l’ap san danje pou w fè
pwosedi sa yo pou kont ou.

Chache jwenn rasin pwoblèm lasante yo


As a midwife, you must find and treat the immediate causes of health problems. For
example, think again about the story of Celeste and Elena. The immediate cause of
Elena being tired was her anemia. If she eats more iron-rich foods or perhaps takes
iron pills, her anemia will probably get better. By looking at the immediate causes,
we can help people feel better or save their lives, especially in emergencies.
Treating the immediate cause is very important. But if we only treat the
immediate cause, the problem may not truly be solved. It may come back, or it may
affect others in the community. Sickness usually results from a combination of
causes — direct causes, like germs or lack of iron, and less direct root causes that
may be social, economic, or political. By finding these root causes, you can prevent
problems from happening again.
In the case of Elena, there are many root causes of her problem. Celeste could
probably figure out some of those causes herself. Better yet, she and Elena could
meet with a group of people from the community to help think about the problem,
because anemia is not just Elena’s problem, it is a community problem.

Paske li te fè anemi.
Poukisa Elena te fatige?
Paske li pa’t manje ase manje ki gen fè.
Men poukisa li te fè anemi?
Li pa’t konnen ki manje ki gen fè.
Men poukisa li pat manje bagay
Li pa’t kapab achte vyann.
ki gen ase fè?
Paske li pòv. Li menm ak mari l travay latè, epi yo
Men ki lòt rezon ankò?
pa fè anpil kòb.
Men poukisa li pa’t kapab achte
vyann?

(Gen kèk kesyon


ki pa gen repons fasil!
Sa ka lakòz gwo
diskisyon.)

21
Chapit 2: Trete pwoblèm lasante

Apre ke w fin mande tout moun « poukisa » nan fason sa a pandan kèk tan, w ap
jwenn ke gen anpil rezon ki fè Elena te gen anemi. Egzèsis sa a moutre tou poukisa
anemi se pa yon pwoblèm pou Elena sèlman, men pou pifò fanm nan bouk la.
Avrèdi, se yon pwoblèm pou pifò fanm nan pifò bouk ak nan kominote pòv patou
nan lemond.

Chache byen pou ou ka evite plis pwoblèm


Chache byen pou ou ka evite plis pwoblèm
Chache jwenn pwoblèm lasante yo depi nan rasin vle di
byen chache wè tout aspè nan lavi moun yo ki lakòz
pwoblèm nan.
Pa egzanp: yon fistila se yon konplikasyon ki terib
anpil nan kèk akouchman. Lè yon tranche twò long
depase, tisi ki andedan vajen fanm nan ka dechire pa
anndan epi, kite yon twou nan blad pipi (vesi) fanm
nan. Sa lakòz gwo pwoblèm lasante epi gen pipi ki
toujou ap degoute. Pou evite fistila, evite tranche ki
twò long. Si yon fanm gen tranche plis ke yon jou,
mennen l nan yon sant desante oswa nan yon
lopital.
Sepandan lè w gade pi byen nan tout rezon
ki lakòz yon tranche long, nou ka fè plis efò
pou evite fistila ak lòt kalite pwoblèm ki parèt menm jan.
• L è jèn tifi yo pa byen manje, yo grandi ak zo ki pa byen develope
(menm basen yo rete tou piti). Yon ti basen ki pa nòmal ka lakòz yon
tranche long. Kèk jèn tifi pa manje ase paske paran yo pa ka achte
manje. Gen lòt ki pa manje ase paske yo pa konsidere ke yo enpòtan
menm jan ak ti gason.
• G en kèk jèn tifi ki fè pitit twò bonè. Jèn tifi yo gen tranche long, epi
tranche yo konplike paske kò yo pa fin byen devlope. Sak fè anpil tifi
tonbe marye epi yo fè pitit bone se paske se koutim kominote y’ap viv
la; oswa paske paran yo pòv epi yo pa ka pran swen yo. Oswa se pou tou
de rezon sa yo.
• F anm ki pa an bòn sante gen plis chans pou yo gen tranche ki long epi
ki konplike. Nenpòt moun ka gen pwoblèm lasante, men sa yo ki pa
jwenn menm yon senp swen lasante, yo pi an danje.
• F anm k’ap viv an deyò ak fanm pòv pa ka jwenn asistans medikal twò
fasil nan ka dijans.

Pou evite fistila, èske nou dwe senpman mennen fanm yo lopital pi vit, oswa
èske nou ka travay tou pou chanje kondisyon ki lakòz tranche long, pa
egzanp jèn tifi ki mal nouri, maryaj ak akouchman twò bonè? Kòman pou
nou travay pou’n elimine rasin ki lakòz pwoblèm sa yo – pou elimine
povrete ak move tretman kay fanm ak jèn ti fi yo?

22
Chache jwenn rasin pwoblèm lasante yo

Pote chanjman nan kominote ou ap viv la


pou evite pwoblèm lasante
Nou ka evite pifò lanmò ak malè ki rive pandan fanm yo ansent oswa pandan y ap
akouche si nou chache jwenn pwoblèm nan epi trete li depi nan rasin. Sepandan
pou sa fèt, yon kominote dwe gade pi lwen ke rezoud pwoblèm chak fanm pou
kont yo. Gade wè ki pwoblèm ki rive pi souvan epi ki afekte tout fanm lè yo ansent
ak lè yo akouche. Answit sèvi ak kapasite chak manm nan kominote a pou pwoteje
sante fanm yo.
Fanmsaj ki gen plis eksperyans nan akouchman ka di lòt moun nan kominote a
poukisa anpil fanm ap mouri oswa pwoblem yo gen pandan akouchman. Fanmi,
fanmsaj, ak lòt travayè lasante epi manm kominote a ka travay ansanm pou yo
pote chanjman, swa piti oswa gwo, pou yo ka amelyore sante pou tout moun. Lè
chak moun nan kominote a pran pa nan zafè lasante, nou ka fè pi plis ke sa yon sèl
fanmsaj ka fè.

Kijan pou w kòmanse


Lack of healthy food, dirty drinking water, lack of transportation in emergencies,
and alcohol abuse are a few of the problems that contribute to serious health
problems for women. These can all be addressed when they are not considered
individual problems and when the whole community works together for change.
But it can be difficult to know where to start. A good first step is to meet with
community members to talk. If you teach birth classes to pregnant women, meet
with other midwives, or are a member of a social or church group, you can use that
group to solve problems.

-Konprime ki
gen fè lakòz
mwen konstipe.

23
Chapit 2: Trete pwoblèm lasante

Premyèman, pale de pwoblèm w ap rankontre yo.

Nou tout li kòman pou nou rete an sante lè


nou ansent. Sepandan se pa tout tout moun Nou toujou oblije tnn
ki ka fè bagay sa yo. Poukisa? plizyè èd tan anvan
pou nou konsilte nan
klinik la.

M rayi
Kòman nou ka legim.
manje byen alòs
ke pa gen lajan
pou achte
manje?

Apre ke’w site kèk pwoblèm ki nan kominote a, chwazi sou kisa nou pral travay
anvan. Li ka se pwoblèm ki pi komen an, pwoblèm ki pa twò grav la, oswa
pwoblèm ki pi fasil pou rezoud la. Fè yon lis de tout bagay gwoup la panse pou
travay sou pwoblèm nan. Answit, gade plis sou solisyon ke moun nan gwoup la ka
ede jwenn.

Nou dakò ke tout kominote a M te ka plante kèk Nou dwe pale ak mèt
ka ede fanm ansent manje pi legim vèt nan boutik la. Li dwe vann plis
byen. Men kòman sa ka fèt? chan kafe a. pwa ak diri, epi mwens
tafya!

Nou ta ka
gade poul

Nou ta ka
kòmanse yon
jaden kominotè.

24
Chache jwenn rasin pwoblèm lasante yo

Fè yon plan. W’ap bezwen Mwen ka peye pou achte


deside kilès k’ap fè chak travay, semans yo, sepandan nou tout
dwe travay ansanm pou plante
kisa y’ap bezwen pou yo fè l, epi
epi pou pran swen jaden an.
ki lè y’ap fè l.

Asire ke nou reyini ankò pou pale de kòman plan a ap mache.

Grenn yo ap pouse byen. Tout M pale ak mèt boutik la, li di li


moun patisipe youn apre lòt pap vann pwa – li pa fè ase
pou wouze yo. benefis sou yo.

Pou l yo
kòmanse ponn
ze.

Annou tout ale wè mèt boutik


la ansanm. Si nou di l n’ap
sispann achte tout bagay
nan men l, li ka dakò ak sa
nou mande l fè a.

Fanmsaj ka pote chanjman


Fanmsaj yo ak lòt fanm y ap sèvi yo ka rankontre ak nenpòt pwoblèm lasante,
kòmanse depi nan yon pwoblèm senp, tankou vomisman rive nan pwoblèm grav
tankou emoraji. Sepandan lè fanmsaj cheche byen pou yo dekouvri rasin pwoblèm
yo, epi lè yo sèvi ak bon jijman epi ak sipò kominote a, yo ka rezoud prèske tout
pwoblèm, menm anpil nan sa ki ta pi difisil yo.

25

You might also like