Aller au contenu

Soup joumou

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Soup joumou

Soup joumou se youn nan kalite soup ki egziste. Se yon soup ki fèt a baz joumou, nan peyi Ayiti.

Soup sa a gen anpil enpòtans depi endepandans yo. Chak premye janvye soup joumou se prensipal pla nan tout kizin nan peyi sa a nan lide pou make endepandans yo[1].

Soup joumon se yon patrimwàn pou tout Ayisyen[2]. Enpòtans li nan listwa pèp sila, li gen yon valè senbolik ki simante relasyon nan mitan tout Ayisyen.

Chak premye janvye, ki se jou fèt endependans Ayiti pap pase pou yon fanmi pa reyini tout manm li pou pataje yon chodyè soup joumou. Soup joumou se soup libète, pawòl sa makonnen ak eksperyans zansèt nou yo te fè ak soup joumou nan moman ki te swiv endepandans peyi a. Se rezon ki eksplike yon Ayisyen pap pase joudlan san li pa bwè yon bòl soup joumou.[3]

Se yon soup ki fèt ak joumou plis lot engredyan tankou[4]

Referans

[modifye | modifye kòd]
  1. Radio-Canada, Médias numériques de. « Cette soupe devenue symbole de révolution pour les Haïtiens | Mordu » (in français). Retrieved 2024-10-18. 
  2. « Manger créole : une affirmation identitaire » (in anglais). Retrieved 2024-10-18. 
  3. « Soupe de l’indépendance : aux confins d’une tradition bien ancrée ». lenouvelliste.com. 29 desanm 2016. Retrieved 30 septanm 2018. 
  4. « Soupe joumou (ou soupe au giraumont ou soupe de courge) | Cuisinez | Télé-Québec » (in français). Retrieved 2024-10-18. 

Lyen deyò

[modifye | modifye kòd]